FIDELE TV

Loading...

Ayiti: Ansyen Prezidan Federasyon Foutbòl Ayisyen an genyen yon pwosè difamasyon Kont Jounalis Romain Molina

0


 FILE PHOTO: Hearing of Yves Jean-Bart, president of the Haitian Football Federation in Crois-Des-Bouquets


Ansyen prezidan Federasyon foutbòl Ayisyen an (FHF), Yves Jean-Bart, ki gen 75 an, genyen pwosè pou difamasyon nan plent ke li te depoze an Frans kont jounalis fransè ki tou se yon YouTuber Romain Molina, dapre sa yon sous nan lajistis di AFP Mèkredi.


Jounalis la gen pou peye yon amann 500 ero, dapre vèdik tribinal Pari a.


Ansyen prezidan FHF la te akize jounalis la di jounalis la kòmkwa li te pibliye yon atik nan mwa Avril 2020 sou sitentènèt jounal Britanik The Guardian kote jounalis la te akize l kòmkwa li te "abize seksyèlman" kèk jèn foutbòlèzann Ayiti.


Li te depoze plent tou pou 2 video ke Romain te poste nan mwa Avril ak Me 2020 sou platfòm YouTube la ki gen rapòak akizasyon sa yo.


Nan atik ki te parèt sou sit wèb Guardian nan, swadizanviktim yo te deklare, sou kondisyon pou non yo pa site, ke gen presyon ki te fèt sou yo pou yo fèmen bouch yo e video a di ke omwen 2 jwè minè te fè avòtman apre vyòllidè a te fè sou yo nan sant fòmasyon nasyonal la.


Tribinal la bay Romain 15 jou pou li retire tout pawòl ki sal non Jean-Bart sou platfòm YouTube la.


Nan mwa Novanm 2020, kèk mwa apre atik ki te parèt sou sit wèb Guardian la, Fifa te jwenn ansyen lidè foutbòlayisyen an koupab daprezavwa li te sèvi ak " pozisyon lipou li fè abi seksyèl e agrese plizyè jèn fi, pami yo minè".


Sepandan nan dat 14 Fevriye 2023, Tribinal Abitraj pou Espò (CAS) te deside anile sispansyon an kont Yves Jean-Bart. Dapre Tribinal la pa gen ase prèv pou akizasyon sa yo, akisasyon sa yo "dwat e goch, san presizyon epi li kontredi tèt li".


Fifa te fè apèl kont desizyon CAS la nan mwa MAS pase pou mande anilasyon li epi reklame mnouvo analiz sou dosye a.

You may like these posts

No comments